Non nou yo
Nan Lekòl Douglass Ridley la, nou chwazi de moun monimantal pou bay lekòl nou an non pou onore enpak dirab yo te genyen sou edikasyon, jistis, ak lavi entelektyèl Nwa yo. Eritaj yo enspire valè ki nan kè lekòl nou an: kiryozite, kouraj, kominote, ak yon angajman pou liberasyon atravè aprantisaj.

Frederick Douglass
Frederick Douglass was a powerful writer, speaker, and abolitionist who escaped slavery and dedicated his life to justice and education. He believed deeply in the power of reading, critical thinking, and using one’s voice for change. At the Douglass Ridley School, we honor his legacy by fostering these same values—encouraging students to think boldly, speak confidently, and pursue knowledge as a path to freedom.


Florid Ruffin Ridley
Florida Ruffin Ridley te yon ekriven, edikatris, ak aktivis ki te defann edikasyon ak ekite pandan tout lavi li. Antanke fondatris Woman's Era Club la—premye sosyete literè fi nwa nan Boston—li te elve valè alfabetizasyon, lidèchip, fratènite, ak jistis sosyal. Li te tou dezyèm fanm nwa ki te anseye nan Lekòl Piblik Boston, sa ki te louvri chemen pou jenerasyon kap vini yo. Nan Lekòl Douglass Ridley, nou pote eritaj li pi devan lè nou nouri elèv ki kirye, ki kourajye, epi ki angaje nan kreye yon mond ki pi jis.



